Dr Jules Casseus Revolisyon koteNou dwe renmen yon lòt la se yon ijans pou nou tout sitwayen Ayisyen Ki vle yon chanjman Total kapital pou peyi nou Ayiti Ki Finn depafini Sa mande yon bon Jan edikasyon, - -Menm Jan sa te fèt nan Cuba -Menm Jan sa ap fèt nan Rwanda -Menm Jan Sa ka rive fèt Mali Nou ka fèl Tou an Ayiti, Sa mande renmen yonn lòt toutbonvre, LI Mande kolaborasyon tout entelektyèl ak Inivèsitè patriyòt yo. Sa mande pou nou chita ansanm, brase Lide pou nou etidye kontni ak estrateji pou nou fè edikasyon saa nan tout sektè ak nan tout nivo nan sosyete Nou an Fo lidè, fo eleksyon, Ki Finn depafini ak fo demokrasi, fo demokrat,ak politisyen patripòch yo, e fo zanmi Ayiti yo , Kòmanse pa Etazini, Kanada, Lafrans, Sa yo rele kò gwoup la, Ki òganize yo Pou yo kolonize Ayiti e fè Nou ap batay yonn ak lòt. Nouvo sistèm edikasyon an, Se va yon edikasyon revolisyonè ki dwe chanje mantalite pèp la, chanje fason Nou panse, chanje direksyon sosyete nou an poul ka devlope tetyèlman, menm Jan sa ap fèt kote moun yo pran konsyans tankou Cuba, Rwanda, Mali elatrye. Ak yon revolisyon nan lapè, renmen ak Tèt ansanm, san kraze brize pa ladanl, Yon lòt Ayiti posib e se nou menm Ayisyen jeklere ki pou Ki pou travay pou sa Eske nou dakò pou nou moute abò gwo mouvman revolisyonè saa? Modèl pou revolisyon saa se Jezikri, Matin Luther King, Mandela, Helder Camara, Li menm ki Te ekri ti Liv saa ki gen pou tit : LA REVOLUTION DANS LA PAIX J.C
top of page
bottom of page