O komansman se sajes.
-
Nan kòmansman an te gen bon konprann
le nou kompare Jenèz 1,1 ak 2,1
-
4a, Nou rankontre menm expresyon nan jou nou Konsidere kom jou
Zero, e nan jou 7 kote bondye te pwan desizion pou li pat fe oken twavay, ke yon moun ta ka
konsidere
kòm konklizyon nan premye istwa kreyasyon an lè Bondye te kreye syèl la ak latè kòm de bagay kole
kole ki pa pemet nou idantifye anyen, telman yo te identik. Jenèz 2,1
-
4a se konklizyon ki fe nou we kle
ke la fen te deja enskri nan kreasyon. Yon
fen ki lye ak konmansman an epi nou jwenn menm fòmil nan
Apocalips mwen se kòmansman ak fen a nan lang franse, alfa ak omega nan lang grek, aleph ak tav
nan lang ebwe.
Nou kapab di kòmansman sanble tet koupe ak lòd sajes , espri bon konprann. Nan
mot konmansman
an gen lide bon konprann, tèm nan koresponn ak lòd Apokalips la. li se anonsman liv Jan an, Apocalips
oswa revelasyon an. Tou de yo lye nan kòmansman ak nan fen, Jenèz ak Revelasyon yo lye pa kreyasyon
an. pawol ki fini premye istwa kreya
syon lye a kanpe la, Bondye deklare li kanpe nan kreyation, li pap
kontinye travay. twavay li a bout . Bondye fè plas pou moun, sa pa lot bagay se sajes ak bon konprann.
Nan kòmansman an te gen bon konprann.
Pwoveb 3:19
"Avèk bon konprann li, Bondye kreye
latè. Avèk entèlijans li, li mete syèl la nan plas li."
Som 104,24
Seyè, ou fè anpil bagay!
Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.
Jeremi 51,15
15 Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk
entèlijans li, li louvri
syèl la anwo latè.
Ki sa ki sajès ou bon konprann.
Yon moun gen bon konprann le li gen konesans nan sa ki verite ak bon, konesans li baze sou rezon ak
eksperyans".
Men lespri bon konprann nan tradisyin nou vle di la ou gen tout
konesans, ou kapab distinge yon fason
pafet byen ak mal, bonte enfini, sentete enfini ki nannan bondye menm.
Nan kay jwif yo se fanm ki kenbe bon konprann yo epi yo pa kenbe li pou tèt yo, yo sikile li, yo pataje li.
Sajès se vrèman yon siy feminen ki
sanble tet koupe ak yon moun kap transmet yon ansèyman e li bay
ansèyman sa nan tout kwen, nan lari yo, epi l fè vwa li sonnen nan plas piblik yo
Pwoveb 1,20
-
21
20 Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik.
21 L'ap rele
nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande.
Som 68,11
Seyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la:
Nan tout komansman bib la, yo mete aksan sou fanm. feminen vini avan maskilen, se fanm saj ki bati
kay li, mezon li,
la ruah ou la Pneuma, la tendresse ou la maman
, la sajes
tout vini avan, epi Adam fe
menm jan li site Ishsha [fanm] kom moun ki gen fakilte pou konet, pou konprann avan ish [lom].
Nan tout komansman bib la, yo mete aksan sou fanm. feminen vini avan mask
ilen, se fanm saj ki bati
kay la, mezon an selon Pwoveb 9,1, la ruah ou la Pneuma, la tendresse ou la maman tout vini avan, epi
Adam fe menm jan li site Ishsha , non fanm nan kom moun ki gen fakilte pou konet, pou konprann avan
ish, non gason an.
La s
ajes se premye Zev bondye avan tout choz te ekziste. Li te la depi nesans kreyasyon, a lorijin tout
bagay. Bondye fel nan limaj li , nan pòtre Bondye menm, nan pwop nati li, imaj ke nou kapab konsidere
kom sajes menm, ki se jesus
-
kris menm selon kolosyen
1,15
1:15 Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. Se li menm ki premye pitit li. Li te la anvan tou sa
Bondye te kreye.
Nou we byen ke sajes se yon figi fanm tre eksperimante ki trezaje piske li la avan labim et labib. Liv
proveb ak
a
pot Pol
yo vreman
fe sajes yon moun e nou kwayan nou di Jezi Kris se sajes pesonifye
ki vini
viv pami lezom sou
late
a, li Konvese ak nou lezom.
Signe Suzie Onel Ecclesiaste