Une Chanson de Ticorn
Nou mande Ayisyen mete yon ti konsyans nan kè yo pou rekonstwi peyi kon li te ye nan tan lontan , peyi koumbit, peyi ranpono, peyi sosye, peyi "tèt ansanm", peyi akèy, ospitalite, pataj, kè kontan. Li pa t sèlman ideyal, pafè, men reyèl. Te gen yon gwo dezi pou viv ansanm, travay ansanm, mete men ansanm. Depi nou kite ideyal la nou tonbe nan mizè, koripsyon, nan lavi chè , enjistis, vyolans, krim, oubli tout lòt bon bagay. Pa gen anyen ki rete nan memwa. Kounye a, Ayiti ta sanble "anglouti nan gwo twou tou won san fon ". Yon lòt fwa ankò Ayisyen bezwen yon ti moso konsyans pou sonje moman sa yo kote pep la tap viv ansanm san yo pat panse ke moun ta ka fè yo mal, mete pwen final nan lavi yo.