"LaDessalinienne"
Pou Ayiti peyi Zansèt yo
Se pou nou mache men nan lamen
Nan mitan nou pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou nou sèl mèt tèt nou.
Annou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
Annou, annou, met tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout Zansèt yo
II
Pou Ayiti onon Zansèt yo
Se pou nou sekle se pou nou plante
Se nan tè tout fòs nou chita
Se li ki ba nou manje
An bite tè, an voye wou
Ak kè kontan, fòk tè a bay
Sekle, wouze, fanm tankou gason
Pou nou rive viv ak sèl fòs ponyèt nou.
III
Pou Ayiti ak pou Zansèt yo
Fò nou kapab vanyan gason
Moun pa fèt pou ret ak moun
Se sa ki fè tout manman ak tout papa
Dwe pou voye timoun yo lekòl
Pou yo aprann, pou yo konnen
Sa Toussaint, Dessalines, Christophe, Pétion
Te fè pou wet Ayisyen anba kòd blan.
IV
Pou Ayiti onon Zansèt yo
Ann leve tèt nou gad anlè
Pou tout moun mande Granmèt la
Pou li ba nou pwoteksyon
Pou move zanj pa detounen n
Pou nou ka mache nan bon chimen
Pou libète ka libète
Fòk lajistis blayi sou peyi a!
V
Nou gen drapo tankou tout pèp
Se pou nou renmen li mouri pou li
Se pa kado blan te fè nou
Se san Zansèt nou yo ki te koule
Pou nou kenbe drapo nou wo
Se pou nou travay met tèt ansanm.
Pou lòt peyi ka respekte li
Drapo sila a se nanm tout Ayisyen.